Sèvis nou yo

Maison Secours aux Femmes ofri lojman, sipò ak sansibilizasyon pou fanm ki viktim vyolans konjigal ansanm ak pitit yo.

Nou bay fanm yo tout resous ki nesesè pou asire sekirite yo, ede yo defann dwa yo epi reprann kontwòl lavi yo.

Tout sèvis nou yo gratis, konfidansyèl epi aksesib nan plizyè lang (franse, anglè, panyòl, arab, oudu, poundjabi, indi, elatriye).

Akèy ak akonpayman
nan refij la

Lè sekirite yo menase, souvan priyorite fanm ki viktim vyolans konjigal yo se kite kay yo pou pwoteje tèt yo. Maison Secours aux Femmes pèmèt yo jwenn lojman byen vit, 7 jou sou 7, 24 sou 24. Tan yo fè nan lojman an ap varye selon bezwen yo.

Chak fanm ki vini nan Maison Secours aux Femmes gen yon travayè ki akonpaye yo pandan tout tan yo la. Gen rankont endividyèl ki òganize pou yo ka eksprime tèt yo konfidansyèlman, ede yo reprann konfyans nan tèt yo epi pase atravè eprèv sa a. Travayè yo ka sipòte yo nan plizyè domèn tou: pwosedi administratif, lojman, imigrasyon, asirans sante, asirans sosyal, sèvis sosyal, pwosedi legal, elatriye.

Gen rankont gwoup ki òganize pou brize izolasyon epi kreye lyen solidarite ant fanm k ap viv nan refij la. Finalman, gen rankont kominotè ki fèt pou tout moun ka viv byen ansanm epi gen rankont espesyal (yo rele yo rankont “de cuisine”) kote fanm yo ka diskite sou sa ki trakase yo.

Manman ak pitit k ap viv nan Maison Secours aux Femmes toujou jwenn atansyon ki espesyal. Yon travayè pou manman/pitit ak adolesan ansanm ak yon edikatè pou timoun akonpaye yo pandan sejou yo.

Gen rankont endividyèl ki òganize pou manman yo ka pataje sa ki trakase yo. Travayè a koute yo, konsyantize yo sou eksperyans pitit yo viv, ede yo kenbe yon bon relasyon avè yo epi sipòte yo nan wòl yo ak demach parantal yo (lekòl, suivi medikal, Biwo pou pwoteksyon lajenès [Direction de la Protection de la Jeunesse-DPJ], elatriye).

Anplis de sa, gen rankont ki fèt ak timoun yo pou pèmèt yo eksprime yo epi ede yo konprann sitiyasyon yo pi byen.

Epitou, gen aktivite ki rekreyatif ak edikatif, sòti pou manman ak pitit epi èd pou fè devwa.

Sipò ekstèn
ak sipò pou fanm ki pa nan refij la ankò

Depi 2009, gen de (2) travayè pou fanm ak yon travayè pou manman/pitit ki la sèlman pou akonpanye yo menm lè yo pa nan refij la ditou oswa yo pa nan refij la ankò.

Lè yo kite Maison Secours aux Femmes, pi fò fanm toujou bezwen kontinye akonpayman an pou yo rejwenn sekirite ak otonomi yo. Lè sa a, gen yon suivi ki endividyèl ki fèt pou kontinye travay ki te kòmanse pandan yo te nan lojman an. Gen rankont endividyèl ki fèt fasafas, nan telefòn oswa sou entènèt pou ede yo nan pakou pèsonèl yo ak nan demach yo. Nou ofri rankont tematik ki fèt an gwoup tou.

Maison Secours aux Femmes ofri sipò pou tout fanm ki bezwen, menm si yo pa chwazi vin viv nan refij la. Travayè yo ap koute yo, enfòme yo epi ba yo tout resous ki nesesè, an pèsòn oswa nan telefòn.

Sèvis telefòn nou disponib 24/7.

Sansibilizasyon
kominote a

Maison Secours aux Femmes sansibilize sosyete Kebèk la sou defi ki genyen nan vyolans konjigal. Travayè yo toujou anime plizyè sesyon pou enfòme popilasyon an, gouvènman an ak lòt travayè sosyal ak jidisyè (lapolis, avoka, travayè sosyal, sèvis medikal, sèvis legal, gwoup kominotè, sant pou fanm, sant asistans pou migran, elatriye).

Èske ou vle sipòte aksyon nou?