Vyolans konjigal

Vyolans konjigal se yon seri konpòtman ki fèt nan yon relasyon entim, aktyèl oswa ki pase, na objektif pou kontwole patnè li oswa ansyen patnè.

Nan yon relasyon ki gen vyolans konjigal, patnè ki dominan an enstale yon anbyans tansyon ak lapèrèz epi an menm tan, li asire l patnè l pa p janm kite l. Se konsa li kreye relasyon ki gen pouvwa ak dominasyon: sa a yo rele kontwòl fòse.

Vyolans konjigal kapab afekte nenpòt fanm, kèlkeswa kilti li, orijin etnik li, estati sosyal li, laj li oswa kantite lajan li fè.

Li ka rive nan nenpòt ki moman nan yon relasyon tou, menm apre yon separasyon.