Konsekans vyolans konjigal yo

Kèlkeswa fòm li, vyolans konjigal la souvan kite tras ki pa ka efase sou sante mantal ak fizik fanm ki viktim yo.

Soufrans emosyonèl

Vyolans konjigal modifye ekilib ak byennèt sikolojik fanm ki viktim yo. Izolasyon, entimidasyon oswa imilyasyon ki repete souvan lakòz yon eta estrès pòstwomatik oswa depresyon ki ka gen plizyè siy: detrès, enkyetid oswa kriz panik, enkyetid, lakrent, iritabilite, lapèrèz, tristès, dezespwa, lawonte, kòlè, santiman enpuisans, ensekirite oswa kilpabilite, pèt nan konfyans nan pwòp tèt ou, izolasyon, demotivasyon…

Malèz sa a sitèlman gwo li ka mennen viktim nan gen konpòtman ki ka mennen l detwi pwòp tèt li (depandans ak medikaman, konsomasyon san kontwòl dwòg oswa alkòl, viktim nan ka eseye blese oswa touye tèt li…).

Pwoblèm lasante

Enstabilite ak eta estrès sik vyolans konjigal la kenbe ka gen anpil enpak sou eta sante fizik yon fanm ki viktim: pwoblèm dijestif oswa pwoblèm alimantasyon, alèji, doulè nan misk, maltèt, pwoblèm po, difikilte dòmi, pèt nan enèji, fatig, degradasyon sistèm iminitè, pwoblèm règ, latranblad, tansyon ki wo, difikilte mantal, elatriye.

Blesi fizik

Lè vyolans la fèt nan yon fason ki fizik, li vin afebli entegrite fanm ki viktim yo. Ematom, dan kase, zo kase, mak boule, chòk nan tet, emoraji entèn …: gen blesi ki ka trè grav. Pafwa, yo kite sekèl oswa andikap ki pèmanan e yo ka menm mennen lanmò.

Chanjman nan relasyon ak moun ki pwòch

Souvan vyolans konjigal lakòz tansyon ak fanmi oswa zanmi epi li afekte relasyon sosyal fanm ki viktim yo. Medam yo ka pèdi konfyans ak estim pwòch yo, pafwa tout kontak ka menm rive koupe.

Poutèt yo santi yo wont, koupab, anbarase, pè, nan ensekirite, poutèt mefyans oswa reziyasyon, gen kèk fanm ki ka chwazi pou yo evite antouraj yo. Demenajman oswa chanjman aktivite akoz sitiyasyon an kapab modifye lavi sosyal yo anpil.

Chanjman nan relasyon ak timoun yo

Nan sitiyasyon vyolans konjigal, patnè dominan an pran tout pouvwa a nan fanmi an, pandan fanm ki viktim nan prèske pa genyen ankò. Sa vin kreye yon gwo dezekilib ki afekte timoun yo ak adolesan yo. Yo menm, yo souvan reyaji konsa: yo refize suiv otorite viktim yo. Nan fas dezekilib sa a, kèk timoun ka santi yo responsab pwoteje manman yo e sa ka vin danjere pou yo anpil.

Ensekirite finansye, povrete ak esklizyon sosyal

Vyolans konjigal gen enpak sou sekirite finansye fanm ki viktim yo. Difikilte nan travay, pèt djòb, kòb avoka, kòb demenajman, tretman medikal oswa kòb lopital ka koute chè anpil. Kèlkeswa estati sosyal, orijin oswa edikasyon yo, fanm ki viktim vyolans konjigal yo patikilyèman ekspoze a povrete. Kèk fanm ka wè yo pa ka jwenn travay ditou oswa yo ka nan lari pandan yon bon bout tan.

Pri sosyal

Vyolans konjigal mete gwo presyon sou sistèm solidarite sosyal la, sa lakòz depans ki enpòtan pou kominote nou: pri sèvis sekirite piblik, pri pwosedi jidisyè sivil ak kriminèl, depans pou sistèm sante ak pou sèvis sosyal, asirans travay ak sekirite revni…

Anplwayè yo dwe fè fas ak efè vyolans konjigal sou viktim yo tou: absans, bès nan pwodiktivite yo, pèt talan, ogmantasyon nan depans ki asosye ak asirans kolektif …

Si ou pè pou sekirite ou, pa ezite rele lapolis nan 9-1-1
oswa SOS vyolans konjigal nan 514-873-9010 oswa 1 800-363-9010.
Sèvis sa yo disponib tout tan.