Lojman

Fanm ki viktim vyolans konjigal yo pafwa oblije kite kay yo pou yo asire sekirite tèt yo. Lwa a bay yo posibilite pou yo mete fen nan kontra lwaye yo.

Mete fen nan kontra lwaye w

Fanm ki viktim vyolans konjigal yo pafwa oblije kite kay yo pou yo asire sekirite tèt yo.

Depi 2006, atik 1974.1 nan Kòd Sivil la otorize revokasyon yon kontra lwaye san penalite si, poutèt vyolans yon ansyen patnè, sekirite yo oswa sekirite pitit yo menase.

Atik la pèmèt yo bay twa mwa avi men gen kèk mèt kay ki pèmèt viktim yo mete fen nan kontra lwaye yo pi vit.

Ou ka mete fen kontra lwaye w menm si ou pa t pote plent bay lapolis oswa si se yon kontra lwaye soulokasyon.

Si ou pa t siyen ankenn kontra, ou ka pati kite lojman w alèz san ou pa bezwen fè yon demann.

Rete lakay ou

Lè gen yon separasyon, moun ki siyen kontra lwaye a gen dwa deside si wi oswa non ansyen patnè a ka rete nan lojman an. Si tou de non ansyen patnè yo sou kontra a, yo tou de gen dwa rete nan lojman an men lè sa a, fò yo jwenn yon akò.


Nan kèk sitiyasyon, yon fanm ki viktim vyolans konjigal ki gen gad pitit li, ka jwenn dwa pou li mete lòt paran an deyò kay la si sa nan enterè timoun yo. Pa ezite pale ak yon avoka pou ede w evalye sitiyasyon w.

Paj sa a bay enfòmasyon jeneral sou lwa ki anvigè nan Kebèk ak resous ki disponib yo. Se pa konsèy legal. Pou pi plis enfòmasyon, tanpri kontakte nou oswa konsilte yon avoka.