Kesyon
Chwazi yon kategori pou w ka jwenn repons pou kesyon w byen vit.
Li pa toujou fasil pou w rekonèt vyolans konjigal nan yon relasyon entim.
Vyolans konjigal se yon fason patnè w chwazi entansyonèlman pou li kenbe pouvwa sou ou. Li ka pran diferan fòm.
Yon joure nan koup ka rive lè gen yon dezakò avèk patnè w sou yon sijè. Pandan yon koup ap joure:
- Ou egal ego ak patnè ou;
- Pa gen okenn estrateji ki aplike, ou sèlman diskite sou sijè a;
- Ou ka eksprime opinyon ou alèz, san ou pa bezwen pè;
- Patnè w pa vle kontwole w;
- Ou menm ak/oswa patnè w ka di padon.
Nan yon sitiyasyon vyolans konjigal, patnè w sèvi ak konpòtman vyolan pou li ka egzèse yon pouvwa sou ou.
- Patnè w pa konsidere ou egal avè l;
- Ou pè reyaksyon li yo;
- Ou toujou ap fè atansyon sou jès ou ak mo;
- Ou pa ka eksprime tèt ou alèz, san ou pa bezwen pè reprezay;
- Malgre tout efò ou yo, sitiyasyon an vin eksplozif;
- Patnè w toujou rabese w, ou wont, konfyans ou ak estim pèsonèl ou afekte;
- Patnè w toujou jwenn ekskiz pou li jistifye konpòtman li.
Ka gen plizyè konsekans vyolans konjigal. Li ka gen enpak sou ou, pitit ou ak sosyete a an jeneral.
Wi. Nan Kebèk, menm si vyolans konjigal sitou afekte fanm (78%), gen gason ki viktim vyolans konjigal tou (22%).
- Nan yon ijans, premye bagay pou ou fè se rele 9-1-1.
Nan Kanada, vyolans konjigal ilegal: ou gen dwa pou ou viv nan yon anviwònman ki san vyolans. Misyon lapolis, se pou li ranfòse dwa sa a, kidonk yo pap kondane w.
- Ou kapab pran refij yon kote ki an sekirite tou, kay fanmi pa egzanp.
Pran pitit ou, epi, si sa posib, pran papye enpòtan ou yo: batistè, paspò, kat sekirite sosyal, kontra lwaye w, sètifika maryaj, nimewo kont labank, kat labank…
Nan Kebèk, plizyè sèvis egziste pou ede w pwoteje tèt ou ak sipòte w nan ka vyolans konjigal. Pa ezite kontakte yo.
- SOS Vyolans konjigal ofri sèvis ekout ak konsèy. Travayè yo ka dirije ou nan resous ki pi adapte pou bezwen ou yo.
- Maison Secours aux Femmes lojman ak akonpayman.
Sèvis sa yo anonim, gratis epi yo disponib tout tan.
Kite yon patnè ki vyolan se pa yon bagay ki fasil epi sa mande anpil kouraj. Travayè yo ka ede w pwoteje tèt ou epi akonpaye w pou w ka soti nan sitiyasyon sa a.
Wi, ou ka mande revokasyon kontra lwaye ou si sekirite w oswa sekirite pitit ou menase poutèt vyolans konjigal, vyolans seksyèl oswa vyolans kont pitit ou.
Pou ou ka jwenn yon refij bò lakay ou san pèdi tan, rele travayè SOS vyolans konjigal yo nan 1 800 363‑9010.
Misyon yon lòd pwoteksyon se fòse ansyen patnè w sispann fè w mal, anmède w, oswa menase w. Sa ka fòse l:
- Rete lwen ou, lwen lakay ou, lwen lekòl ou oswa lwen kote w ap travay;
- Kite kay kote n ap viv ansanm nan;
- Swiv yon pwogram terapi pou vyolans konjigal, edikasyon timoun oswa dezentoksikasyon;
- Fè aranjman tanporè nan gadri, dwa vizit ak sipò.
Pou w aprann plis, pa ezite konsilte yon avoka .
Patnè w ka wè sa w fè sou òdinatè w: Pa egzanp, li ka ale nan imel ou oswa konsilte istorik sit entènèt ou vizite yo.
Pou anpeche sa rive, nou rekòmande w itilize yon òdinatè “san danje” patnè w pa ka jwenn (nan yon bibliyotèk piblik, yon sant kominotè, kay yon moun ki pwòch ou …) ak/oswa efase tras vizit ou sou sèten sit entènèt.
Maison Secours aux Femmes se refij ki sitiye nan Monreyal, kote fanm ki viktim vyolans konjigal ak pitit yo ka viv tanporèman.
Travayè yo ap ede yo kraze sik vyolans lan epi reprann kontwòl sou lavi yo. Yo koute yo, enfòme yo, sipòte yo epi akonpaye yo nan divès demach administratif ak/oswa legal.
Wi, travayè Maison Secours aux Femmes yo disponib 7/7, 24/24.
Wi, sèvis èd ak lojman nou gratis pou tout fanm ki viktim vyolans konjigal, kèlkeswa orijin yo, laj yo oswa estati sosyal yo.
Wi, Maison Secours aux Femmes ka akeyi pitit fanm ki viktim vyolans konjigal yo tou. Yon travayè manman/pitit, adolesan ak yon edikatè prezan pou ede yo.
Wi, travayè nou yo akonpaye fanm ki pa nan refij la ditou oswa ki pa nan refij la ankò: ekout, konsiltasyon nan telefòn, suivi apre lojman, entèpretasyon …
Ou ka rankontre plizyè kalite obstak nan efò w pou ou soti nan vyolans konjigal. Gen kèk ki komen pou tout fanm ki viktim vyolans konjigal:
- Difikilte pou ou eksprime w sou eksperyans ou ak vyolans epi al chèche resous;
- Wont, kilpabilite, pè vanse nan sa w pa konnen;
- Pè viv konsekans separasyon an;
- Laperèz pou reprezay patnè w ak/oswa pè pèdi pitit ou ;
- Fatig fizik, sikolojik ak/oswa moral;
- Dekalifikasyon pwofesyonèl;
- Gwo apovrisman ak depandans ekonomik sou patnè w;
- Kraze nan relasyon sosyal ou, izolasyon;
- Inyorans dwa w yo ak resous ki disponib pou ede ou;
- Pè enpak yon plent;
- Mefyans otorite piblik yo;
- Laperèz pou konsekans pou patnè w;
- Laperèz pou w jwenn enkonpreyansyon ak jijman …
Lòt obstak ka pi espesifik nan sitiyasyon pèsonèl ou oswa sitiyason kiltirèl ou:
- Inyorans lang yo itilize nan Kebèk;
- Pè pou w pa oblije retounen nan peyi dorijin ou;
- Tabou, baryè kiltirèl oswa relijye;
- Konsepsyon yon fanmi tradisyonèl;
- Laperèz pou yo pa rejete w nan kominote kote w soti a…
Travayè Maison Secours aux Femmes ka ede w simonte tout obstak sa yo. Pa ezite kontakte yo.
Si ou gen difikilte ak angle oswa franse, ou ka mande yon entèprèt jidisyè tradwi odyans yo pou ou devan tribinal la.
Fanm imigran oswa ki soti nan yon kominote kiltirèl pataje menm bezwen ak pi fò fanm ki viktim vyolans konjigal: pwoteksyon, lojman, enfòmasyon. Toutfwa, sitiyasyon yo ka pafwa pi vilnerab epi sa ka mande yon sipò ak yon atansyon espesyal :
- Yo dwe akeyi ak ouvèti ak respè;
- Yo vle santi yo an konfyans epi rebati estim yo;
- Yo dwe santi yo respekte yo, koute yo, yo konprann yo epi yo rasiye yo;
- Yo dwe konn dwa yo, espesyalman sou sijè imigrasyon;
- Yo dwe jwenn yon sipò ki materyèl ak sikolojik…
Si ou se yon viktim vyolans konjigal epi ou gen yon estati imigrasyon ki valab, ou ka depoze yon plent bay lapolis san ou pa bezwen pè pou estati imigrasyon ou.
Fanm patwone
Si yon patnè w patwone w, ou ka separe san ou pa bezwen pè pèdi estati w, depi demann parennaj ou te deja aksepte.
- Ou pa gen obligasyon pou w viv nan menm kay ak patnè w;
- Ou pa bezwen pwouve ou se yon viktim vyolans konjigal pou ou kite patnè w;
- Ou p ap pèdi estati rezidan pèmanan w si ou kite patnè w;
- Ou p ap dwe sipòte tèt ou si ou kite patnè. Patnè w oswa ansyen patnè w ki patwone ou dwe kontinye fè sa pandan peryòd angajman 3 lane a.
Rezidan tanporè
Si ou akonpaye patnè w ki se yon travayè tanporè oswa etidyan nan Kanada, ou menm tou ou gen estati rezidan tanporè pou yon peryòd fiks.
Si ou kite patnè w pandan peryòd sa a, ou p ap ka renouvle estati ou. Kidonk, ou ka pèdi dwa w pou ou rete Kanada.
Ou ka regilarize estati w yon lòt jan. Pa egzanp, ou ka mande yon pèmi rezidans tanporè pou yon peryòd 6 mwa si ou satisfè sèten kritè.
Divòs
Ou ka divòse nan Kebèk menm si ou te marye aletranje.
Pa ezite konsilte yon avoka pou enfòme w epi sipòte w nan efò w ki gen rapò ak estati imigrasyon w.
Si ou panse youn non moun ki pwòch ou viktim vyolans konjigal, ou kapab:
- Pwoche l nan yon fason ki konpreyansif, san ou pa blame li, epi panse sa ka difisil pou li pale sou vyolans li vi la;
- Ede li eksprime tèt li sou relasyon li epi pataje emosyon l;
- Detèmine si li se yon viktim vyolans konjigal nan pwoche konsèp vyolans la pitit piti;
- Kesyone li sou kijan li entèprete vyolans li sibi a.
Bagay ki pi enpòtan an se etabli yon bon relasyon konfyans antre nou.
Men kèk konsèy pou ou ka ede yon fanm ou konnen ki viktim vyolans konjigal:
- Koute li, ofri li sipò li epi anpeche li izole tèt li;
- Si ou pa jije l, ou ka fè prevansyon izolasyon ;
- Kite l pran pwòp desizyon l pa di l kisa pou l fè;
- Rete disponib epi respekte limit pèsonèl li, bezwen li ak pwòp vitès li;
- Fè l sonje vyolans pa akseptab, li pa merite sibi sa epi patnè l se li menm sèl ki responsab aksyon li yo;
- Evite pale patnè l mal, pito ou kondanne konpòtman vyolan l;
- Ba li enfòmasyon sou resous lokal yo epi ankouraje li chèche èd;
- Ankouraje li al depoze yon plent si li viktim yon ofans kriminèl …
Si ou pè pou sekirite ou, pa ezite rele lapolis nan 9-1-1
oswa SOS vyolans konjigal nan 514-873-9010 oswa 1 800-363-9010.
Sèvis sa yo disponib tout tan.